Banj Media, est un média inclusif et alternatif qui s’adresse aux générations connectées. À travers nos missions, nous nous engageons à fournir à notre public des informations, des analyses, des opinions et des contenus captivants qui reflètent la diversité et les intérêts de la jeunesse haïtienne.
Bouch ki gen move sant, kòman li enpakte rapò moun ak moun nan sosyete ayisyèn nan?
Yo itilize tèm medikal alitoz pou pale de maladi movèz alèn, oubyen bouch ki gen move sant. Yo sitou konsidere pwoblèm sa a kòm yon maladi, lè li dire oubyen repete lakay yon moun. An jeneral li pa difisil pou trete alitoz, men maladi sa a konn lakoz gwo mal alèz ant moun ki soufri li a, ak moun ki nan antouraj li.
Doktè yo konstate nan 90% ka yo, maladi movèz alèn nan manifeste lakay moun ki pa gen yon bon ijyèn ak bouch yo. Lè moun nan manke pran bon jan mezi ijyèn epi pa byen pran swen bouch li, sa fasilite miltiplikasyon yon pakèt bakteri nan bouch la ki pral lakòz move sant yo. Bakteri sa yo, nan 60% ka, se sou lang nan yo rete. Yo remake tou nan 50% ka yo, se lang ki kenbe bakteri ki lakòz moun gen movèz alèn.
Men, movèz alèn nan pa sèlman yon pwoblèm nan bouch, pafwa tou se yon pwoblèm entèn ki pi grav. Nan ka sa yo, move sant lan konn sèlman yon siy ki montre moun sa malad, oubyben li se konsekans move fonksyonnman youn nan ògàn entèn li yo. Pami lòt faktè ki ka lakòz yon moun gen movèz alèn nou jwenn “ Ensifizans epatik”, ki se yon diminisyon nan mas fonksyonèl fwa a, sa ki lakoz li pa ranpli fonksyon metabolik li yo byen. Maladi sa a bay alèn nan yon ti sant ze pouri
Movèz alèn nan konn lye tou ak “Ensifizans renal” ki se yon diminisyon fonksyon ren an, sa ki redwi kapasite li genyen pou li elimine dechè metabolis yo epi konsève eleman ki nesesè pou òganis la. Li lakòz yon alèn ki gen sant pipi oubyen amonyak. Yon konte tou “ maladi sik (dyabèt)”, ki se yon twoub ki genyen nan asimilasyon, nan itilizasyon ak nan stokaj kantite sik kò a jwenn nan alimantasyon yo. Sa vin lakòz yon ogmantasyon to glikoz ki nan san an, sa yo rele ipèglisemi an. Lè maladi sa a sevè, li lakòz moun gen yon alèn ki gen sant vèni pou zong oswa asetòn
Anpil moun montre tolerans fas ak moun ki gen movèz alèn
Banj Media te gen chans pale ak kèk moun ki te viv eksperyans movèz alèn ak yon moun. Wobè te nan fakilte dwa nan yon inivèsite nan komin Taba, li te gen chans kwaze ak anpil etidyan ki chaje konesans, pami yo Pòl, yon etidyan ki te gen anpil eksperyans. Li eksplike nou : « Se te toujou yon plezi pou nou tande Pòl k ap pale, eksperyans li ak konesans li te entèresan anpil ».
Men akote bon lide Pòl te konn pataje, li te gen pwoblèm movèz alèn daprè sa Wobè di nou. « Onètman m pat janm di l sa, men m pat janm reyaji mal pou deranje l tou. Lè l ap pale, m jis fè yon jan m bese tèt mwen oubyen vire figi m, san m pa kite l remake sa, paske sa l ap di yo te enpòtan. Dapre mwen, gendwa se yon malè ki jis rive l, se pa li ki ta vle sa. »
Bò kote pa Ketira, li eksplike nou li vin gen plis tolerans pou moun ki malad an jeneral, sitou lè sa rive moun li apresye « Mwen t ap travay nan yon enstitisyon, gen yon jenòm ki vin rejwenn nou. Men li te trè rezève, epi l te renmen souri. Li tèlman gen bon jan, mwen vin apresye l malgre nou pat ko zanmi. Men lè m resi jwenn okazyon pou nou echanje kèk lide, mwen remake li pa gen bon alèn. Sa te fè m mal, men depi lè a, mwen adrese l pi souvan yon fason pou m rasire l ke sa pa anpeche m zanmi l. Mwen santi li te konsyan de pwoblèm lan. »
Movèz alèn konn yon chòk pou anpil moun
Jak se yon jèn ki apèn fini lekòl, ki rakonte nou, kijan li te renmen yon demwazèl pandan li te lekòl « Mwen pat twò jènjan pase sa, m te nan Reto, demwazèl la te nan segonn. M te tèlman renmen wè li, chak lè rekreyasyon, mwen pase plis tan nan gade l sou lakou a pase tout lòt bagay. M potko gen kran pou m adrese l.» Men jou Jak deside pale ak demwazèl la, li viv yon eksperyans li di li p ap janm bliye.
« Mwen sot lakay mwen byen deside. Nan rekreyasyon m deside pou m leve defi a. M parèt byen deside nan do l epi m di, bonjou deyès. Li vire gade m, je l tonbe nan je m epi l souri. M santi kè m louvri men apèn li reponn mwen bonjou, mwen santi m deranje. M pa konn si pou m rete, si pou m kouri. Mwen mare kè m, li mande m si l ka ede m, mwen souri epi m deplase. Depi menm jou a, m sispann renmen l. Sa tèlman domine m, mwen pase nenpòt 6 mwa ap bwose dan m 3 ou 4 fwa pa jou, m vin pè pou m pa konsa ».
Se menm sitiyasyon chòk la pou Jonas, ki te manm jiri nan yon konkou Mis. « Depi premye prezantasyon an m santi lòlòj mwen vire », se sa li eksplike konsènan santiman li ge gen pou Manouch, youn nan fi ki te nan konkou a. « Mwen pat ko janm renmen ak yon fanm wo, non sèlman mwen te vle sa, epi m te santi m gentan renmen demwazèl la ». Ak anpil pasyon, Jonas ap dekri nou kijan langaj ak demach Mis la te vòlè kè li, men se te san konte sou yon premye ti bo ki ta pral choke l.
Jonas kontinye pou l di nou, « Konkou a fini, li pa chanpyon, men mwen kenbe kontak ak li ». Bagay yo te ale vit dapre sa Jènjan an di nou san bay twòp detay. « Nou vin gen lyen sere sere epi li aksepte vin lakay mwen apre anpil refi. Se premye fwa nou ta pral wè apre konkou a. Mwen te pare pou m viv youn nan pi bèl jou nan vi m. Li vini tou timid, pou m mete l alèz mwen bo l kareman. M santi yon odè biza, m re bo l ankò pou m konfime (li pete yon kout ri) ! Ahh m pase pi move jou nan vi m ! Li sispèk mwen wè pwoblèm lan, mwen pa ka kouri dèyè l. »
« Sa ki pi deranje m, se paske avan li ale, li mande m poukisa mwen pa bo l ankò? Li wè m tou ba li limit. M tèlman santi m wont, mwen kriye. Epi m di l sa. Pou jis li ale li pa ni gade m, ni pale avè m.»
Nan sèten ka, yon move odè nan bouch ka sèlman lye ak tip aliman moun nan te konsome, oubyen ak yon mank tankou grangou. Nan ka pasaje sa yo, se pa alitoz. Anpil pasyan ki konsyan de maladi sa a, konn devlope yon seri konpòtman tankou timidite, rete apa, pè sòti, anksyete. Yon konn tou pèdi estim yo, menm apre pwoblèm nan ta fin rezoud paske dapre yo, bouch yo toujou gen move sant. Moun ki konsyan de alitoz yo souvan siseptib lè moun ap pale san yo pa tande konvèzasyon an.
Pou fini, anpil fwa, moun ki soufri alitoz gen tandans panse se yon maladi ki pa ka geri, sa se yon faktè ki montre manke enfòmasyon ak sansibilizasyon ki fèt sou maladi sa a.
Merck’n Sley Suprême Jean-Pierre