Banj Media, est un média inclusif et alternatif qui s’adresse aux générations connectées. À travers nos missions, nous nous engageons à fournir à notre public des informations, des analyses, des opinions et des contenus captivants qui reflètent la diversité et les intérêts de la jeunesse haïtienne.
Kap: yon senbòl inivèsèl pou montre kreyativite ak lespri libète Lèzòm
Kap pa sèlman yon objè osnon yon aparèy pou anmize. Li genyen yon enpòtans total kapital nan evolisyon istwa lèzòm ki ale pi lwen pase pran plezi. Depi nan orijin li, nan mwayen Oryen li pa sispann travèse baryè jewografik ak jenerasyonèl yo pou li tounen yon senbòl inivèsèl kreyativite ak libète.
Premye kote kap parèt, se te sou kontinan Azi, sa gen anviwon de mil senk san (2 500) ane. Ansuit, li parèt nan zòn Loksidan nan fen 12 èm syèk la, gras a navigatè Marco Polo ansanm ak lòt kòmèsan ki te sòti avè l nan yon vwayaj an Azi.
Depi nan tan lontan lontan, peryòd antikite, moun nan rejyon azyatik yo te konn sèvi ak kap, pa sèlman pou rezon pratik, men tou rezon espirityèl; pou atire atansyon espri divinite yo. Avèk tan ki ap pase, itilizasyon li yo te divèsifye, tankou sèvis militè, sinyalizasyon, transmisyon mesaj ak evalyasyon distans. Istwa lejandè chinwa ak japonè rapòte pèp azyatik sa yo te konn kreye kap ki ka transpòte moun, nan ka bezwen militè.
Yon sipò teknik ak syantifik
Kap jwe yon wòl enpòtan nan evolisyon navigasyon. Pechè te konn sèvi avè l pou evalye fòs van an. Plis toujou, militè te konn itilize l pou bay siyal nan yon long distans. Anplis, yo te konn sèvi ak li pou evalye distans sou chan batay yo, yon fason pou sekirize tèt yo. Yo te konn menm itilize li pou fè advèsè yo pè. Kòm astis, yo konstui yon kap ki ase gwo pou transpòte yon moun, yon fason pou ka fè enmi an kwè se yon espri malefik ki ap vini sou yo.
Aprè kap rive nan zòn Oksidantal la, syantifik yo te konn itilize pou plizyè bagay. Pa egzanp, Alexander Wilson ki se yon Matemastisyen ak yon Metewològ Ekosè te itilize kap pou li te mezire tanperati lè a, nan plizyè wotè diferan. Se a pati kap, Benjamin Franklin te jwenn enspirasyon pou li te envante paratonè, nan lane 1752. Anplis, syantifik nan domèn Ayewonotik te itilize modèl kap espesifik pou te rive konprann prensip fòs ki pèmèt yon objè k ap vole rete anlè san tonbe. Daprè Gérard Clermont, premye avyon an se te yon kap yo te ajoute yon motè ladan pou vole.
Plis toujou, enpak kab depase domèn Metewolojik ak Ayewonotik syantifik. Li te sèvi nan evolisyon lòt domèn tankou, fotografi ayeryen, sovtaj nan lanmè, transmisyon radyo, anbakasyon e menm domèn atistik kontanporen an. Atis nan tout monn nan itilize kap kòm zouti kreyasyon atistik, pou kreye enstalasyon atistik.
Depi nan premye peryòd egzistans li, rive kounye a, kap gen yon gwo plas nan eritaj kiltirèl, teknolojik ak syantifik monn nan. Sa ki temwanye kreyativite ak nivo entelijans lèzòm a travè plizyè epòk. Kit se nan domèn majiko-relijye, kiltirèl, militè, teknolojik ak syantifik kap se yon objè ki enkane lespri libète ak kreyasyon tout kretyen vivan ak fason yo toujou vle depase kontrent epòk yo a.
Shesly PYTHON