Banj Media, est un média inclusif et alternatif qui s’adresse aux générations connectées. À travers nos missions, nous nous engageons à fournir à notre public des informations, des analyses, des opinions et des contenus captivants qui reflètent la diversité et les intérêts de la jeunesse haïtienne.
Enflasyason men wotè, pri manje tèt nèg, rezilta plizyè ane twoub ekonomik ak politik an Ayiti
Panye alimantè a koute 13 fwa plis an 2024 pa rapò ak 2014. Nan menm moman an, salè yon moun t ap touche prèske pa ogmante oubyen pa ogmante ditou. Salè minimòm lan ki te 300 goud an mwayèn an 2014, li pase a 500 goud an mwayèn alòske li pa respekte tout kote. Reyalite sa a montre kijan yon sitwayen ayisyen kontinye ap pèdi pouvwa dacha li, sa ki kontinye mete endikatè yo nan yon eta kritik pou Ayiti.
Dapre dènye rapò Pwogram Nasyonzini pou Devlopman PNUD, gen plis pase 6 milyon ayisyen k ap viv nan povrete, kidonk ki viv ak pi piti pase 2,41 dola ameriken pa jou, epi gen plis pase 2,5 milyon lòt ki nan povrete ekstrèm sa vle di ki ap viv ak pi piti pase 1,23 dola ameriken pa jou. Biwo Kowòdinasyon Afè Imanitè Nasyonzini an Ayiti OCHA nan yon rapò li pibliye jou ki te vandredi 22 mas 2024 la, an kolaborasyon ak lòt patnè tankou Pwogram Alimantè Mondyal PAM, fè konnen gen anviwon 4,9 milyon ayisyen k ap viv nan ensekirite alimantè grav, pami yo gen 1,65 milyon ki nan nesesite pou jwenn manje an ijans.
Diferan rapò sa yo site pami koz yo, divès twoub politik ak ekonomik peyi a ap fè fas dènye ane sa yo. Enflasyon an pa sispann monte, menm si pou dènye trimès ane 2023 a li te bese toupiti. Dapre Enstitisyon Ayisyen Statistik ak Enfòmatik IHSI, sòti 2003 pou rive 2024 to enflasyon an mwayèn lan te 15,34% an Ayiti, li te atenn pik li an janvye 2023 a 49,3%. Ane li te pi ba a se te an septanm 2009 -4,70%. Enflasyon an se lè pouvwa dacha yon lajan pèdi akoz ogmantasyon tout pri byen ak sèvis yo sou yon tan dirab. Li diferan de ogmantasyon pri lavi a. Yo itilize Endis Pri Konsomasyon (IPC) pou yo evalye enflasyon an.
Nan yon eksperyans Banj Media te mennen nan 3 mache nan Pòtoprens jou samdi 23 mas la, rezilta yo montre yon moun bezwen an mwayèn 571 goud pou li kwit yon sachè spageti nan Pòtoprens nan moman an. Mete sou pwodui enpòte yo ki deja koute chè, ti kantite pwodui lokal ki disponib sou mache sa yo pa ase pou ta ede pri yo diminye. Swa yo pa antre akòz ensekirite sou wout nasyonal yo, swa yo pa pwodui ditou akòz pwoblèm dlo ak entran agrikòl peyizan yo pa jwenn.
Nan yon lòt bò, pwoblèm pri manje ak pri lòt sèvis k ap monte tèt nèg, se rezilta absans mekanis legal ki ta dwe fikse règ jwèt la nan diferan mache yo. Nou an 2024, nan Ministè Komès ak Endistri genyen selman yon direksyon ki la pou travay sou « pwoteksyon konsomatè ». Men antite sa a ki pote non Direksyon Kontwòl Kalite ak Pwoteksyon Konsomatè (Direction du Contrôle de la Qualité et de la Protection du Consommateur, DCQPC), gen anpil limit akoz okenn lwa pa sipòte li.
An 2012 DCQPC te depoze nan palman Ayisyen an, 49èm lejislati a, yon Pwojè Lwa sou Dwa Konsomatè yo, ki pa janm abouti. Anplis de palman an ki pa fonksyone depi 9 janvye 2023, kounya a menm gen gwo ensètitid sou kilès k ap dirije peyi a menm. Sa montre, pwoblèm sa yo, mete sou twoub ensekirite a ki se youn nan pi gwo obstak yo tankou jan menm rapò OCHA a montre sa, poko pral adrese kounya.
Daprè done Bank Santral yo, dènye endis pri konsomasyon an (Indice du Prix à la Consommation IPC), montre to enflasyon pou mwa janvye 2024 se 20,9%, kidonk li pi wo pase mwayèn enflasyon an sou 20 dènye lane yo. Sitiyasyon sa a montre a klè, san bon jan desizyon prese prese pou diminye nivo enflasyon an, kantite moun k ap antre nan povrete chak jou a p ap sispann ogmante.
Merck’n Sley Suprême Jean-Pierre