Banj Media, est un média inclusif et alternatif qui s’adresse aux générations connectées. À travers nos missions, nous nous engageons à fournir à notre public des informations, des analyses, des opinions et des contenus captivants qui reflètent la diversité et les intérêts de la jeunesse haïtienne.
Pye mayas, kòm maladi dèmatolojik ki kouran anpil nan sosyete ayisyèn nan, souvan bay konplikasyon nan rapò moun ak moun. Sa ki fè nan fanmi, nan travay, nan zanmitay, nan lekòl, inivèsite elatriye, sa toujou kreye malèz, diskisyon ak pwoblèm akoz pye moun ki gen mayas la ki toujou ap bay vye sant la.
Rann moun ki nan antouraj li pa alèz ak agrave rapò li menm ak lòt moun, se sitiyasyon moun ki gen pye mayas yo. “Nan yon espas avèk yon moun ki gen pye mayas, li vrèman deranjan, paske lè w ap pran sant yon bagay ki gen move sant, li ap deranje w”, presizyon Cebastien. Li ale pi lwen pou l di li toujou difisil pou abòde yon moun ki gen pye mayas pou di li pye l ap bay vye sant, paske selon li, sa ka blese moun nan, vekse l ak parèt tankou se nan pèsonalite l ak vi prive l w ap antre.
Daprè li, gen yon negijans bò kote moun ki gen pye mayas yo. “M pa konn si se paske yo deja abitye avèk pye mayas la nan gen abitid pran sant pye santi a, yo jis estime se yon bagay ki nòmal epi sa vin pa deranje yo. Men yo bliye moun ki nan antouraj yo”.
Pou Similien, fòk yon moun pa ta ayisyen pou l poko nan yon espas pou pye yon lòt moun ki gen mayas ap degaje vye sant. “Paske, kit li gason, kit li fi, m toujou kwaze ak moun sa yo kote pye yo ap bay anpil vye sant. Sa rive m plizyè fwa nan diferan espas pou mwen kwaze avèk yon seri moun pye yo santi mayas. Fas ak sitiyasyon sa yo, sa toujou rann mwen jennen”, se presizyon Similien.
Li ale pi lwen pou l di, fas ak sitiyasyon sa yo, li konn pa ka di moun nan sa dirèkteman. Men li konn jis deplase piske l se yon moun ki soufri maladi sinizit. Sa ki rann tout sa ki santi bon ak gen vye sant fè enpak sou li.
Stanley, yon jèn ki te soufri maladi pye mayas la, pa mete dlo nan bouch li pou l rakonte tout kalvè li te konn pase lè li rive yon kote pou yo ap ekzije l retire bagay nan pye l. “Youn nan eksperyans mwen fè nan kad maladi pye mayas la, se yon lè pandan mwen ale lakay mennaj mwen, lè pou m antre m te oblije retire bagay nan pye m. Mwen te vi n santi m jennen, piske m konn sant pye m dezagreyab. Mwe te oblije di l pye m gen move sant avèk anpil wonte epi l te konprann mwen”.
Dezyèm eksperyans Stanley, se pandan li te ale nan yon kan epi nan aswè lè pral dòmi li te retire bagay pye li epi sa te tou kreye panik bò kote anpil moun piske selon Stanley sant pye l pa t bon menm.
“ Difikilte m te konn rankontre, se lè m ale yon kote ki konn ap ekzije moun retire bagay pye yo pou yo antre. Mete sou sa, se lè m konn nan obligasyon pou m ap mete bagay pye m swa nan solèy, oubyen kite l dòmi deyò ” se presizyon Max yon moun ki te soufri maladi pye mayas.
Arthur sou bò pa l, pa mete dlo nan bouch li pou l rakonte jan l ap viv ak maladi pye mayas la depi lè li te tou piti pou jis jounen jodi a. “Jan odè pye m konn moute yo, toujou afekte m anpil. Paske pye mayas la, vrèman degoutan. Pa ekzanp mwen konn dòmi nan travay mwen. Mete sou sa, mwen se yon moun ki vrèman parese. Mwen pa yon moun lè m fin retire bagay nan pye m, ki pral lave pye m reyèlman. Sa konn rive pafwa, kote m chita dèyè biwo a ansanm ak kòlèg mwen yo; m veye m retire bagay nan pye m lejèman epi apre m kouri mete pye m sou li. Lè konsa tout moun nan espas la tonbe fikse m epi tonbe plenyen ak ekzije m mete bagay pye m nan deyò”, presizyon Arthur.
Arthur pi lwen, rakonte li souvan rankontre anpil difikilte ak pye l ki santi mayas la. Non sèlman moun lakay li konn oblije jete bagay pye l yo tèlman yo paka sipòte ankò mete sou sa, sant pye l konn kreye pwoblèm nan relasyon santimatal li. Anplis, li souvan jwenn anpil obsèvasyon.
“Pwoblèm mwen souvan rankontre avèk pye mayas la, se paske gen de kote m konn ye tout moun ap mete yo alèz, retire bagay nan pye yo, poutan mwen m pa kapab. Sitou nan nuit lè m ap dòmi lakay yon moun oubyen m yon kote ak anpil moun ki meye yo alèz ak retire bagay nan pye yo”, esplikasyon Anderson (non prete).
Li presize pi lwen, gen yon jan l konn bezwen alèz avèk yon moun pafwa, mayas la konn fè l paka retire bagay nan pye l. “Sa konn anpeche m pwofite moman yo, piske sa toujou estrese chak fwa m ap reflechi ak pye m ki santi mayas la. Sa konn vrèman delika” regrèt Anderson (non prete).
Yon lòt bò, Anderson (non prete) presize pye mayas la konn enfliyanse pèsepsyon moun gen sou li. “Se sitou moun ki pwòch mwen, paske depi yo wè m pral retire bagay nan pye m, yo kouri rale kò yo. Oubyen yo di m pa retire bagay nan pye m ak pa vin bay dezòd sa la. Konsa tou, sa konn rive gen moun ki pa pwòch mwen ki viktim de pye mayas mwen an, ak ki pa vle di m sa. Sa ki fè nan pwochenn fwa yo, yo pase lwen m”.
Selon Antwopo-sosyològ Derynx Petit-Jean, pye mayas la konn diminye rapò sosyal moun ak moun parapò ak movèz odè a. “Gen relasyon fi ak gason ki konn rive nan diskisyon ak konn menm kraze pou zafè pye mayas la”, presizyon Antwopo-sosyològ la. Li souliye pi lwen gen moun tèlman mayas la fò nan pye li, akoz neglijans, sa konn rann lè l ap mache ak lè li chita kote yon moun, bagay nan pye li ap degaje anpil vye sant. Sa ki konn rann lòt moun pa vle rete bò kote moun sa. Epi kote l chita, pyès moun pa vle rete la.
Pou ilistre Derynx Petit-Jean, presize sa konn menm rive nan gwoup zanmi, kote moun ki gen pye mayas la, yo sèvi ak sa kòm fawouch l ak pou diskrimine l. “Ka sa yo, nou plis jwenn yo lakay gason”.
Pi lwen, Antwopo-sosyològ la souliye, moun ki gen pye mayas la, si li konnen chak lè li rive yon kote l ap jwenn fawouch sa konn fè li pè frekante yon seri moun oubyen yon seri espas. Sa konn menm fè l santi l wont pafwa. Si konn gen preyokipasyon pou konnen si maladi pye mayas la kreye distans sosyal, daprè Derynx Petit-Jean, efektivman, li kreye yon distans sosyal. E gen moun tou, ki konn tou pa vle annafè avèk moun ki gen pye mayas la, paske sant la ka rann moun sa mal pou manje, bal noze elatriye. Sitiyasyon sa yo selon Antwopo-sosyològ la, konn kreye sa nou rele baryè sosyal la, men, daprè li ki trè fèb nan sosyete ayisyèn nan. Paske selon Derynx Petit-Jean gen anpil moun ki rive tolere moun ki gen pye mayas yo ak prè pou ba yo konsèy sou kòman yo dwe itilize kò ak fason yo ka trete maladi pye mayas la.
“Pafwa moun k ap sibi sa konn pran l pou estigmatizasyon, men pafwa l konn parèt kòm blag tou. Sa konn rive menm moun ki gen pye mayas la, konn patispe nan blag yo tou” presizyon Antwopo-sosyològ la.
Pou Derynx Petit-Jean, baryè sosyal pye mayas la kreye a, se pa yon bagay ki sistematik oubyen ki fò lakay moun yo. Koz, yo konn rive depase kesyon sa. Piske selon li, se nan tan avan yo ki te gen plis estigmatizasyon ak baryè sosyal epi plis fawouch.
Nesly Alexandre