Banj Media, est un média inclusif et alternatif qui s’adresse aux générations connectées. À travers nos missions, nous nous engageons à fournir à notre public des informations, des analyses, des opinions et des contenus captivants qui reflètent la diversité et les intérêts de la jeunesse haïtienne.
Evolisyon sosyolenguistik: chanjman nan langaj jèn Ayisyen ki montre yon pakou soti nan ilizyon antre nan reyalite
Nan lane 2016-2019, te gen yon ekspresyon anblematik ki t ap mennen nan sosyete Ayisyen an, nan mitan jenès la sitou. Ekspresyon sa a te dekri yon reyalite ki pran fòm a pati nòm sosyal ak presyon sosyal yo. "M ap byen pase" Se yon ekspresyon ki te tankou yon levanjil nan mitan jenès la.
Ekspresyon sa jwenn kòwòm nan de konpozisyon mizikal ayisyen : "M ap byen pase" tit yon mizik chantè Steve J Bryan ak yon lòt chantè ki rele Alcol chante an 2016, ak "byen pase" tit yon mizik ki regwoupe djaz Kreyòl la ak DJ Tony mix. Lè nou konpare itilizasyon "byen pase" nan tit 2 mizik ki site avan yo, li retrase yon penti pou mete koulè sou yon mòd vi ideyalize chaje ak siksè ak abondans ke yo t ap vann.
Se konsa n ta kapab tande "M pral byen pase la" ; "M wè misye ap byen pase..." ekspresyon sa a ki chaje ilizyon an, te pèmèt moun sa yo kreye yon fasad pwosperite pou kache veritab kondisyon yo t ap viv. Alòske depi nan lane 2020 rive jiska jodi a, yon nouvo ekspresyon alamòd. Li make yon chanjman ki parèt a klè nan konsyans kolektif la. Ekspresyon "Foulay" oubyen "foulay k ap fèt" pran rasin li nan echanj lenguistik ki ap fèt chak jou ki jou, ki montre yon nivo priz konsyans kolektif nan mitan menm gwoup moun sa yo. Kounye a, èske n kapab di moun sa yo rekonèt ouvètman diferans ki genyen ant aparans ak reyalite yo ap viv la tout bon? Sa ki ta ka sijere yon gwo evolisyon sou fason yo entèprete ak viv eksperyans yo.
Si n ta antre nan pwofondè de ekspresyon sa yo, n ap kapab dekouvri diferans ki genyen nan reyalite sosyal chak epòk. Ekspresyon "m ap byen pase" pote yon konotasyon siksè, abondans ak kè kontan. Poutan, fasad lenguistik sa te kache dèyè yon reyalite ki mwens ke sa yo montre a. Popilarite ekspresyon "Foulay k ap fèt" la retrase yon koub lenguistik ak semantik enpòtan ki montre non sèlman jenès Ayisyen an pa kontante l mete tèt li nan po yon moun ke li pa ye, men tou li admèt devan je tout moun tout diferans ki egziste ant aparans ak veritab eksperyans y ap fè nan lavi yo. Mo "foulay" la gen resanblans nan son ak sans avèk ekspresyon anglè "Full of lie" ki vle di enfòmasyon sa oubyen deklarasyon sa pa verite. "Foulay" pou kont pa li, denonse fasad sa moun yo te kreye pou tèt yo a nan ekspresyon "m ap byen pase" , epi mete limyè sou vrè pèsepsyon yo gen sou tèt yo, ak fason lang lan li menm eksprime reyalite a.
Sòti nan "m ap byen pase" rive nan "foulay k ap fèt" sa pa sèlman montre yon senp transfòmasyon nan nivo lenguistik, li montre tou evolisyon sosyete a. Nan lane 2016 - 2019 yo, itilize "m ap byen pase" ki pote yon mesaj sou bèlte lavi, te gen gwo enfliyans sou fason moun yo wè tèt yo nan konstriksyon yon kilti ki baze sou fè wè. Nan lane 2021-2022 avèk nouvo ekspresyon "foulay k ap fèt" la jèn yo pa kontante yo ankò nan fè wè jis pou yo koube anba yon presyon sosyal. Nou kapab menm di ke yo kòmanse kesyone nòm kiltirèl yo. Evolisyon lenguistik sa a sèvi miwa pou montre fason sosyete a ap evolye ak fason nòm kiltirèl yo ap chanje. Kòmkwa moun yo ta chwazi viv lavi yo pi lejè nan tout otantisite.
Evolisyon sa montre ke lang lan, menm jan ak sosyete a pa rete an plas. Se 2 antite dinamik ki depann youn lòt. Ki kominike youn ak lòt pou montre sa k ap pase nan lavi nou antanke pèp (Puech & Radzynski, 1978). Chanjman ki genyen nan de ekspresyon sa yo montre pwogresyon sosyete a sibi sòti nan yon sosyete ki baze sou ilizyon ale nan yon sosyete kote moun yo rekonèt ak aksepte konplikasyon lavi epi devlope matirite.
Otè: Shesly PYTHON
Referans
JEANTY, Marvens La valeur sémantique et pragmatique
de l’expression «byen pase» en CH. Potomitan
“Foulay”, le mot-valise au menu du jour. Belidemag 2022
PUECH Christian, RADZYNSKI Annie(1978) La langue comme fait social : fonction d'une évidence. Langages 49 pp. 46-65