Banj Media, est un média inclusif et alternatif qui s’adresse aux générations connectées. À travers nos missions, nous nous engageons à fournir à notre public des informations, des analyses, des opinions et des contenus captivants qui reflètent la diversité et les intérêts de la jeunesse haïtienne.
Body shaming an Ayiti : Kalvè gason Ayisyen yo
Fanm sibi body shaming anpil se vre, men gason ayisyen yo ap pase yon veritab kalvè ni anba bouch ni anba men sosyete ayisyèn nan. Sekirite yo, repitasyon yo, lavi yo konn riske 9akoz aparans fizik yo. Menm virilite yo, yo konn arive mete an kesyon akoz aparans fizik yo.
Si yo souvan mete pwojektè sou fanm lè y ap pale de viktim body shaming, gason yo tou pa epanye. Se vre, kritik, fawouch ak komantè negatif sou aparans fizik sible medam yo prensipalman. Nou ka remake sa a travè plizyè mizik viral sou medya sosyal, sitou sou platfòm nimerik yo. Anpil son DJ ki vin tandans sou rezo sosyal yo chaje remak ak pawòl blesan sou kò fanm. Men, gason yo tou ap pase yon veritab kalvè, ni anba bouch, ni anba men sosyete a. Pa twò lontan, yon ensidan te pase pandan jenn kreyatè kontni popilè sou TikTok Stanley te an dirèk. Pati entim li te parèt e depi lè sa, l ap resevwa anpil kòmantè, fawouch ak kritik. Li resevwa tout kalte non ki vize imilye l pou gwosè pati entim li..
Gason gen yon jan pou l ye …
Sosyete a gen yon jan li ideyalize kò ak bote gason. Kit se nan liv, nan medya yo, sou rezo sosyal yo, yo vann yon imaj ki montre kò ki ta vle ideyal la. Anpil mizik veyikile lide a tou. Li pa etonan tou lè gen diskou ak pratik ki tante valorize yon gwoup gason epi imilye yon lòt. Konsa tou, anpil jenn fanm ak gason antre nan demach pou fè lwanj de seri tip gason tankou sa ki gen bèl bab, ki wo, byen miskle, ki gen pekto, ki gen peye pote. Menmsi gou pa ta dwe fè sijè diskisyon, men sosyològ Pierre Bourdieu, nan zèv li, montre aklè kijan fason nou panse, konprann ak aji jodi a soti nan yon detèminis sosyal. Sa vle di gen yon ansanm valè ak pratik (“habitus”) yo enkilke nou, depi piti, nan fanmi, lekòl, legliz ak lòt kontèks sosyokiltirèl tankou mizik ak fim n ap konsome. Sa yo konstwi moun nou ye jodi a.
Se sa k fè sa ki pa koresponn ak dikta yo souvan ap pase yon kalvè nan sosyete a. Se toutan gason ap sibi zak body shaming, sitou sa ki kout, ki piti, frèl, ki gen gwo cheve, e latriye. Pi mal ankò, lavi yo, repitasyon, sekirite yo konn riske akoz aparans fizik yo. Atò virilite yo, yo konn mete an kesyon. « Se depi nan adolesans mwen, m ap sibi body shaming ». Se deklarasyon Roland, yon jèn gason 23 lane, nan yon entèvyou ak Banj Media. Dapre sa jennonm nan rakonte, li sibi pratik la sou plizyè fòm. Anpil fwa, se komantè ak remak, pafwa se blag e kèk ra fwa tou, se kritik. Remak ki vin jwenn jennonm sa ta vle fè l kwè « fizik li twò frèl pou yon gason ». Akoz aparans fizik li, li souvan jwenn moun ki pa pran l twò o serye. Sa ki konn fè l jwenn moun k ap di l « e pa timoun ou ye, sa ou konnen ? » alòske li gen laj ak kapasite pou l patisipe nan de seri deba. « Pafwa, mwen mande tèt mwen kijan kèk kategori moun ap wè m lèm pral abòde yo. Sa lakoz m pa toujou avanse jan m ta dwe nan kèk bagay m ta bezwen reyalize. Konsa tou, sa lakoz mwen pa louvri ak moun fasilman, sitou si m pa sèten si moun sa pa pral fè m yon move remak sou kò m osinon gen yon move imaj de mwen. »
Atansyon ! Danje lye ak body shaming sou gason
Daprè deklarasyon sikològ Samuel Jean Baptiste, kòmantè negatif moun fè sou fizik yon lòt ka gen anpil repèksiyon sou lavi moun sa. Pami yo, sa ka rive moun nan te devlope yon pasyon osinon gen yon aspirasyon li oblije abandone akoz aparans fizik li. Pou ilistre, sikològ la pran egzanp sou yon moun kout osinon gwo ki ta anvi mannken osinon yon moun ki frèl ki ta anvi pwofesè. « Anpil fwa, moun yo ideyalize moun ki ka egzèse tèl disiplin, tèl pasyon. Se konsa pawòl yo ka kraze tout yon karyè, tout yon pasyon ». Abner, etidyan finisan nan depatman sosyoloji, te viv yon sitiyasyon konsa. L ap rakonte : « Mwen leve nan fanmi kretyen, mwen te mizisyen nan legliz mwen, men depi lè m kòmanse kite cheve m, fè afwo, yo pa t dakò mwen kontinye jwe batri nan asanble a ». Li tou sispann jwe enstriman malgre lanmou l pou mizik.
Si gen moun k ap resevwa kritik ak remak negatif sou aparans fizik yo depi piti, ka Abner a diferan. « Mwen te deside kite cheve m wo, lè sa m te nan twazyèm lane fakilte Syanzimèn. Ni fanmi m ni legliz mwen te konn ap di m vye remak depi lè sa. Yon lè, pastè legliz mwen te wè m ak cheve trese, epi l te di m se wout foli a m ap pran, remak sa te lye tou ak fakilte kote m ap etidye a ». Selon Abner, etidyan finisan nan sosyoloji, « tankou tout sosyete, Ayiti charye yon ansanm valè sou modèl moun ki valab nan zye l. E body shaming nan pran kò apati ansanm valè sa yo. Sa eksplike prekonsi yo gen sou yon seri moun ». Pou l kore sa l di a, li deklare : « Sosyete a di men kijan gason dwe ye. Menm jan tou, legliz di men kijan gason dwe ye, men sitou kijan gason kretyen dwe ye ». Abner refere l ak yon vèsè nan bib la ki di se yon wont li ye pou gason kite cheve li long (1 Korentyen 11 vèsè 14).
Yon fòm diskriminasyon…
Nan sans sa, jenn etidyan an eksplike depi lè l kite cheve nan tèt li a, anpil moun legliz li ak nan lantouraj li sispann wè l tankou kretyen. Poutan, misye fè konprann li grandi legliz e li toujou nan aktivite relijye yo. Se kòmsi yo tou ekskli li akoz aparan fizik li. Charles ap viv menm reyalite sa. « Akoz cheve m ki dread, mwen viktim body shaming anpil ». Se temwanyaj jenn atis la ki li menm tou grandi nan yon fanmi kretyen. Jennonm nan fè konnen pwòp sè li entèdi l mete pye lakay depi lè l fè dread la. « Li di m lè m retire dread yo, m a vin lakay li ». Malgre sa, Charles pa twò afekte, selon sa l di. « Depi avan m te fè dread yo, m te konn ak kisa pou m atann mwen. Mwen te deja konnen pèsepsyon sosyete a ak fanmi mwen ». Dayè, anplis lanmou li t ap nouri pou dread, li te anvi fè moun yo wè dread pa otomatikman asosye ak move moun. Nan ka pa l la, li « ale lekòl, fè tout afè l dwat e manifeste anpil sajès ».
Malerezman, si gen kèk moun ki rive aksepte aparans fizik li, an patikilye nan fanmi li, ret anpil chimen toujou. Jenn gason an eksplike, anplis vye remak sou dread li yo, li konn jwenn move reyaksyon. Poutan, dapre li, yo pa wè yon fi ki dread menmjan ak gason dread. Kòm egzanp, li fè konnen yo refize l travay akoz li dread alòske gen fanm dread ki anplwaye menm kote a. Konsa tou, dread li yo konn fè moun pran l pou sa l pa ye. Dapre Charles, lè yon gason pot dread, yo souvan pran l pou move moun, yon pa serye… L ap rakonte : « Yon lè, m t ap sot Pòtoprens pou m ale Gonayiv. Lè machin nan rive Sen Mak, gen polisye ki t ap fè tchèk. Yo egzije mwen menm ak yon lòt zanmi m ki te ak mwen pou bay pyès nou, jis paske nou de a dread. E se sèl nou yo te mande sa nan machin nan. Sa te choke m anpil ». Se pa sèl eksperyans jennonm nan te fè konsa.
Yon pratik moun pa dwe pran konsa konsa
« Mwen konn ap pase yon kote, epi rega moun yo montre m yo enkyete osinon yo pè m. Mwen konn wè moun menm kouri antre telefòn yo ». Sa pa rete la. Anpil gason konn arive viktim akoz aparans fizik yo tou. Abner pale de sa : « Mouvman bwa kale a montre m kijan body shaming nan frajil nan peyi Dayiti. Se kòmsi depi gen kriz k ap travèse peyi a, moun ki ap viv yon fason ki opoze ak ansanm valè sosyete a ka viktim ». Efektivman, nan peryòd kote popilasyon an te motive pou chase bandi, plizyè moun pase pou viktim akoz aparans fizik yo. E se sitou gason (ak fanm) ki dread, ki pèse, ki gen tatou, ki gen gwo cheve, pou site sa yo sèlman. Te menm gen diskou k ap sikile sou rezo sosyal yo pou di : Nèg lèd pa pran lari pou pa pran nan bwa kale osinon gen moun, figi yo tou make, y a fè l vre. Diskou sa yo ka parèt komik men yo majinalize yon gwoup moun, prensipalman gason, e yo arive mete sekirite yo e menm lavi yon an danje.
Anpil gason sibi fouy, pafwa menm move tretman, nan men lapolis akoz trè fizik yo. Anpil tou menm pran prizon. An Jiyè 2019, yon ajan lapolis te lanse operasyon koupe dread nan Lagonav. E, se pa premye fwa sa ap fèt nan peyi an. Diskriminasyon yo konn vini sou tout fòm e anpil gason deja viktim. Men, dapre sa sikològ Samuel Jean-Baptiste te di Banj Media : « Se yon fòm entolerans. Youn pa bezwen sanble ak lòt pou l bèl osinon akseptab nan zye sosyete a. Chak moun se yon moun. Chak moun gen yon kò diferan ».
N.B. : Se pa bon non moun yo ki itilize nan atik la, sof non sikològ la.
Leila JOSEPH