Banj Media, est un média inclusif et alternatif qui s’adresse aux générations connectées. À travers nos missions, nous nous engageons à fournir à notre public des informations, des analyses, des opinions et des contenus captivants qui reflètent la diversité et les intérêts de la jeunesse haïtienne.
Ayiti ap fè fas ak kriz enstitisyonèl depi plizyè ane, sa lakoz moun k ap vann pwodwi ak sèvis pran woulib epi aji nan yon fason ki pa toujou jis. Gwo viktim yo nan ka sa a se konsomatè yo ki pa konn kijan pou yo soti tèt yo nan sitiyasyon sa a. Pou yo satisfè demann ak bezwen yo genyen, yo oblije koube anba tout move kondisyon founisè yo enpoze. Pandan tan sa a, leta poko janm di a klè ki dispozisyon li pran pou jere rapò ant moun k ap vann ak moun k ap achte pwodwi ak sèvis yo.
Youn nan koz iregilarite ki genyen sou diferan mache echanj komèsyal yo, se sitou paske leta poko di a klè nan ki fason echanj yo dwe fèt. Non, pa gen okenn lwa an aplikasyon an Ayiti ki pale de pwoteksyon konsomatè. Jiska lane 2023 a, gen sèlman yon direksyon nan Ministè Komès ak Endistri ki genyen « pwoteksyon konsomatè » kòm yonn nan sèvis li yo. Dapre lwa òganik 11 mas 1987 Ministè Komès ak Endistri a, antite sa a ki pote non Direksyon Kontwòl Kalite ak Pwoteksyon Konsomatè (Direction du Contrôle de la Qualité et de la Protection du Consommateur, DCQPC), gen pou responsablite kontwole si pwodwi ak aktivite komèsan epi antrepriz komèsyal yo konfòm ak lwa nasyonal ak lwa entènasyonal ki egziste yo.
Dapre enfòmasyon Ministè a mete disponib, DCQCP a genyen tou plizyè atribisyon. Ladan yo nou ka site :
- Ede defini yon politik nasyonal ki gen pou wè ak kontwòl kalite epi metwoloji (metòd ak teknik moun sèvi pou mezire)
- Etidye ak pwopoze divès mezi legal ak reglemantè ki itil epi ki nesesè pou politik nou sot site a aplike toutbon.
Nan sans sa a, direksyon an rive akonpli yon premye pati nan travay li an 2012, lè li te depoze nan palman Ayisyen, 49èm lejislati a, yon Pwojè Lwa sou Dwa Konsomatè yo, men sa poko bay okenn rezilta. Nan mwa Dawout 2017, ansyen senatè Lwès Antonio Cheramy te mete limyè sou yon pwopozisyon lwa ki konsène pwoteksyon konsomatè yo. Pwojè sa a ki gen 8 chapit ak 55 atik, te jwenn vòt favorab nan chanm depite a, epi tou kanpe la ap tann li pase devan Sena a. Depi 9 janvye 2023, Palman an pa an fonksyon, eleksyon ki pa rive fèt la lakoz pèsonèl politik la poko ka renouvle. Lwa sila a menm jan ak anpil lòt riske rete nan tiwa pandan anpil tan ankò, menm si pwoblèm yo adrese yo paka tann ankò.
Nan lane 1996, nan yon kwonik «United States Center for Disease Control (CDC)» pibliye, yo revele rezilta yon ankèt yo te mennen ansanm ak Biwo Rejyonal Òganizasyon Mondyal Lasante epi «United States Food and Drug Administration». Ankèt sila te reyalize apre envitasyon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) fas ak yon epidemi ensifizans renal ki te deja atenn plis pase 30 timoun ki gen pou pi piti 3 lane, ant novanm 1995 ak me 1996, dapre sa otorite Lopital Inivèsite Leta yo te siyale MSPP. Premye egzamen yo montre timoun yo te anpwazonnen ak pwodwi toksik «diéthylène glycol». Ankèt sila a te rive tabli lyen dirèk ant konplikasyon sante sa a ak 2 medikaman yo te preskri yo, ki soti nan yon laboratwa nan kapital la. Siwo sa yo te kontamine ak pwodwi toksik la, men se sitou paske, dapre CDC, responsab laboratwa sila pa te respekte bon kondisyon travay nan pwodiksyon medikaman sa yo.
5 fevriye 2001, laboratwa a ak tout pwopriyetè li enkilpe pou « omisid envolontè akoz enpridans, neglijans ak mank respè règleman yo ». Se plis pase 200 timoun ki mouri akoz yo te pran nan medikaman ki te gen pwodwi toksik yo, genyen nan yo se te jis pou yon grip yo te genyen. Sa montre klèman kijan gen gwo danje lè pa gen okenn kontwòl kalite ki fèt sou sa moun ap konsome oswa itilize nan yon peyi. Absans kad legal ki regle pwoblèm sa a menm aprè dram sa, montre pa gen ase dispozisyon reyèl ki pran pou pwoteje popilasyon an fas ak pwodwi tout kalte, sitou medikaman ki kontinye ap vann san kontwòl nan tout rakwen nan peyi a. Yon rapò « Center for Strategic & International Studies, CSIS » pibliye an mas 2019, montre gwo defisi ki genyen nan kontwòl pwodwi tout kalite k ap antre sou teritwa peyi d Ayiti ki pase nan zòn fwontalye ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn yo san okenn kontwòl.
Akoz pa gen okenn kad legal ki egziste sou dwa konsomatè yo, gen plis posiblite pou founisè pwodwi ak sèvis yo aji san yo pa pran an kont respè ak nòm ki egziste yo san okenn krent. Si nou mete sou kote kèk inisyativ sosyete sivil la, tankou «Solidarité Active à la Lutte des Consommateurs Haïtiens (SALCONH)» ki te bay tèt li misyon pou angaje li nan defans konsomatè ayisyen yo, ak kèk asosyasyon legal ki ale nan menm sans lan epi ki jwenn rekonesans DCQCP, pa gen twòp demach konkrè. Menm jan sa ye pou plizyè lòt direksyon anndan Ministè Komès ak Endistri (MCI), DCQCP limite nan aksyon li gen misyon pou li mennen yo.
Èske nou dwe tann yon lòt lejislati avan menm leta deside poze yon aksyon ki ba li plis pouvwa pou l lite kont tout pwodui k ap vann san kontwòl yo, oubyen kontinye selebre chak 15 Mas jounen Entènasyonal Dwa Konsomatè yo pandan an Ayiti menm yon kad legal pa egziste pou pwoteje yo vre? Sa ki sèten, toutotan pa gen bon dispozisyon ki pran pou regilarize sitiyasyon founisè yo, moun k ap achte pwodwi ak sèvis yo ap kontinye monte lesyèl pa do.
Merck’n Sley Suprême Jean-Pierre