Banj Media, est un média inclusif et alternatif qui s’adresse aux générations connectées. À travers nos missions, nous nous engageons à fournir à notre public des informations, des analyses, des opinions et des contenus captivants qui reflètent la diversité et les intérêts de la jeunesse haïtienne.
Kriz ann Ayiti : Yon reyalite difisil pou Ayisyen isit kou lòt bò dlo
Dyaspora yo ka pa afekte plis, yo ka pa afekte menm jan ak Ayisyen k ap viv nan peyi a, men yo afekte tou. Plizyè Ayisyen k ap viv nan peyi letranje tankou Lafrans, Etazini, ak Kanada rakonte Banj Media kijan reyalite lavi yo difisil akoz sa k ap pase yo. Estrès, enkyetid, santiman enpuisans, panik… Se ak sa, anpil jenn etidyan, pwofesyonèl ak paran k ap viv lòt bò dlo.
« Anpil nan nou ki vwayaje se pou nesesite. Men, nou rete makonnen ak peyi a, sitou nou menm ki gen paran, frè, sè, pitit ki Ayiti. Nou pa ka viv byen, nou pa ka an pè ». Se sa Berlyne Misery, yon jenn manman k ap viv Etazini, rakonte Banj Media. Kriz Ayiti ap konnen, depi kèk tan, pa epanye pyès moun. Li afekte ni sila k ap viv isit ni sila k ap viv nan peyi letranje. Ensekirite ak kriminalite tounen yonn nan pi gwo preyokipasyon Ayisyen k ap viv nan peyi d Ayiti, sitou sila ki nan kapital la. Sa ki lakoz laperèz ak enkyetid lakay sitwayen yo. Fas ak vyolans epi aksyon kriminèl yo k ap ogmante yo, anpil moun oblije kite katye yo pou yo ka sove po yo. Se konsa anpil teritwa abandone tounen teritwa gang ame oubyen teritwa pèdi. Popilasyon an lage poukont li fas ak yon kriz ki gen plizyè dimansyon : ekonomik, sosyal, politik, pou site sa yo sèlman. E, dyaspora yo, yo menm tou, ap viv mal sa k ap pase yo.
Enkyetid ak twoub san fen
« Yon moun ki pa la konn plis enkyete pase moun k ap viv sitiyasyon an. Moun ki pa la, se di y ap di l, se tande l ap tande. Poutan, moun k ap viv sitityasyon an li menm gen dwa konn kòman pou l kontwole sa l ap viv la, kòman pou l fe fas ak li. Men ou menm ki pa la, w ap panike, ou ka menm pèdi tèt ou lè w ap fè nouvèl epi ou konnen w gen moun Ayiti ». Se sa Zachary Thermo, k ap viv Etazini, konfye Banj Media. Pou kore sa l di a, Jade Benoit, yon etidyan sikoloji nan peyi Lafrans, rakonte kòman depi lè l kite peyi a, lavi l transfòme akoz sa k ap pase an Ayiti : « Mwen gen pwoblèm ak lè telefòn mwen sonnen. Chak li sonnen, m tankou yon moun ki panike, m konn gen gwo batman kè. M strese, m toutan pè resevwa move nouvèl. Paske sa k ap rive lot moun yo ka rive nenpòt moun pa m, e m pè tou pou sa pa rive pwòch mwen, fanmi m ki nan peyi a, nan nenpòt ki moman ». Berlyne rejwenn li sou pwen sa.
« Dyaspora pa sibi kriz la a 100% paske nou pa la fizikman men nou toujou strese. Nou pa ka evite fè nouvèl, nou toujou bezwen konn sa k ap pase paske n santi trip nou branche Ayiti ». Se konsa li dekri reyalite sila k ap viv nan peyi etranje lwen fanmi yo ki isit an Ayiti. « Mwen menm, toutan m gen kè sere, palpitasyon, m konn menm pa ka dòmi … M panse sa ka fè nou viv mal, devlope yon pakèt twoub ak maladi tankou depresyon, tansyon, ensomni, palpitasyon elatriye. Non sèlman nou pa ka viv byen paske n pa janm an pè men sa ka koz nou pa viv lontan tou ». Selon Berlyne, « sa di lè ou se paran epi ou santi ou enpuisan fas ak move lavi ak avni pitit ou. Ou santi ou pa ka fè anyen pou ou asire byennèt timoun nan. Sekirite l menase, ou pa ka fè anyen pou sa. Sa koz ou deprime. Anplis, ou konnen li pa t dwe ap pran presyon sa yo pou laj li. Sa fè ou ap viv yon vi malere ». Louchenie Honorat, yon jenn etidyan nan yon fakilte nan Pòtoprens, rakonte koman sitiyasyon malouk sa afekte ni li ni manman l k ap viv kay Tonton Sam. « Chak m ap pale ak manman m nan telefòn, sa brize ke m. Pafwa, mwen li enkyetid nan vwa l. Li konn menm kriye lè l konnen jan Pòtoprens ye e li pè pou malè pa rive m ». Men, sa pa rete la.
« Lè ou ap viv aletranje epi ou konn kijan sa ye lakay, ou vin gen plis responsablite » selon Zachary. « Se kòmsi tout vi w, ou menm ki dyaspora, depann de moun ou kite Ayiti e ou dwe yo sipò » daprè sa li deklare. Sa Berlyne konfime : « Reyalite a pi mal toujou pou dyaspora ki santi yo pa ka soutni fanmi yo jan pou yo ta soutni yo. Sa ka detwi yo emosyonèlman ». Antanke manman pitit, li viv sa mal anpil : « Kounya, lajan pa janm sifi. Pafwa, ou anvi soutni pwoch ou men ou konnen sa ou ka voye pou yo a pa menm ka kouvri tout depans ak bezwen yo genyen ».
Yon kriz ki brize rèv anpil Ayisyen
Anplis estrès, enkyetid ak panik, anpil Ayisyen k al viv lòt bò dlo gen nostalji peyi yo. Si gen nan yo ki deranje paske yo pa ka vin isit pou pase vakans, vin fè ti touris lokal elatriye, pou lòt dyaspora, sa ale pi lwen toujou. Anpil ladan yo te konte retounen vin sèvi peyi yo osinon pou viv vyeyès yo byen pezib. « Mwen kite Ayiti depi 3 lane pou m pousuiv etid mwen Lafrans ». Se sa Jade Benoit, etidyan sikoloji nan peyi Lafrans, rakonte nan yon antretyen li te gen ak Banj Media. « M pa t vle kite Ayiti. Men, m te fè 6 lane nan fakilte Syanzimèn, m pa t janm ka boukle etid mwen akoz divès obstak. Finalman m te deside ale Campus France ». Jade fè konnen malgre lè l t ap kite peyi a, te toujou gen tansyon, li pa t janm imajine sitiyasyon an t ap anpire konsa. Dayè, li te toujou swete retounen Ayiti pou l ka egzèse metye l ap aprann nan. Men, se yon espwa ki toujou ap pran kou akoz jan kriz la ap pi grav de jou an jou.
« M pa janm santi m anvi pase vyeyès mwen nan peyi etranje. Rèv mwen se kreye mwayen pou m al viv lakay mwen, Ayiti. E rèv sa poko janm chanje » Se sa Berlyne fè konnen. Li menm deklare gen anpil moun ki gen laj avanse ki panse menm jan. Genyen menm fristrasyon ap fini ak yo, se fanmi yo ki ap konvenk yo, e menm fòse yo rete. Zachary Thermo tou ki te gentan enplike l aktivman nan peyi a ki rive kite l, pa wè tout lavi l aletranje. « Mwen pa t janm anvizaje pou m viv nan peyi etranje definitvman men se yon desizyon tanporè, paske m te toujou vle fè etid siperyè anplis lisans mwen ». Toutfwa, menmjan ak lòt yo, li santi rèv pou l tounen an ka akonpli nan yon tan ki pi long pase sa l te prevwa.
Imaj Ayiti pa sispann tache
Pami tout sa ki afekte dyaspora yo, naratif ki gen sou Ayiti a se yon pwa lou pou yo. Sou rezo sosyal yo, anpil Ayisyen k ap viv aletranje rakonte kijan moun lòt nasyon gade yo mal. Se kòmsi yo gen pitye pou yo paske yo se Ayisyen. Pafwa, gen Ayisyen tou ki wont avwe idantite ak nasyonalite yo, selon sa Zachary fè konnen. « Anpil nan medya entenasyonal yo releye sa medya nasyonal yo vann yo, yo gen reprezantan nan peyi a ki ba yo kèk fè tou. Malerezman, yo sèlman fokis sou kriz la e redui peyi ak sa. Sa ki fè anpil moun, sitou etranje, pa janm konnen Ayiti gen pakèt lòt richès, ki fè bote Ayiti » dapre Zachary. Yon lide Huny Laguerre, etidyan nan peyi Kanada, kore. « Youn nan bagay ki entèpele m, se pèsepsyon mwen wè anpil etranje mwen frekante Lafrans ak Kanada genyen sou vagabonday politik an Ayiti, mwen twouve jan yo konprann Ayiti a enkonplè ».
Daprè Huny, « imaj ak definisyon anpil etranje gen sou Ayiti konsantre sou povrete, katastwòf natirèl, enstabilite politik elatriye. Men, menmsi reyalite a pa diferan vre, konpreyansyon yo rete enkonplè ». Pou l kore sa l di a, li deklare : « Malgre Ayiti gen anpil pwoblèm, istwa, kilti ak resous tout kalte peyi a ret rich anpil. E pèp Ayisyen an kenbe fèm malgre absans Leta. Nou se yon pèp ki gen anpil kouraj ». Huny ale pi lwen pou l parafraze Chimamanda Ngozi Adichie pou l di danje ki genyen nan konpreyansyon etranje yo ki ale nan yon sèl sans la, se paske yo inyore aspè pozitif yo pou yo konsantre yo sou aspè negatif yo ase. Sa ki ka debouche sou yon istwa inik deplezan ». Antouka, pou evite sa, Zachary rekomande medya lokal yo pi byen vann lòt imaj Ayiti piske se sa y ap vann yo, medya entenasyonal yo ap releye. Anplis, li konseye chak Ayisyen fè menm jan a travè lavi yo ak aksyon y ap poze nan kèlkeswa kominote yo ta twouve yo a. « Kenbe idantite Ayisyen an, toujou fyè paske n se Ayisyen. Ayiti pa rezime ak vye imaj ak move naratif y ap vann yo sèlman, gen plis pase sa, travay epi viv pou n montre yo bon kote sa yo tou ».
Leila JOSEPH