Banj Media, est un média inclusif et alternatif qui s’adresse aux générations connectées. À travers nos missions, nous nous engageons à fournir à notre public des informations, des analyses, des opinions et des contenus captivants qui reflètent la diversité et les intérêts de la jeunesse haïtienne.
Lang matènèl : enpòtans kreyòl nan ledikasyon an Ayiti
Plizyè deba ap fèt sou lang kreyòl sou kesyon èske li sifi pou sèvi kòm lang ansèyman. Istwa rapòte menm zansèt liberatè yo te gentan konsyan sou enpòtans kreyòl genyen nan liberasyon mantal pèp ayisyen an. Mete sou sa a, plizyè lòt pozisyon ki chita sou bon refleksyon ak eksperyans syantifik montre kreyòl se mwayen pou Ayiti rive benefisye lekòl tèt anwo kon di lenguis Michel DeGraff la.
Diskisyon pou mete kreyòl kòm lang ansèyman an Ayiti la depi aprè lendepandans. Daprè Saint Rémy, yon istoryen lenguis Michel DeGraff site nan tèks li (The politics of education in post-colonies: Kreyòl in Haiti as a case study of language as technology for power and liberation) Desalin ak lòt Zansèt yo te gen vizyon pou anseye pèp ayisyen an kreyòl. Tèks la pale de yon senatè ki te rele Étienne-Élie Gérin nan lane 1807 ki t ap reklame ansèyman nan lang kreyòl an Ayiti nan objektif pou ranfòse endepandans Ayiti fas ak peyi Lafrans.
Joseph C. Bernard, yon ansyen minis edikasyon an Ayiti, te deside nan lane 1980 sòti yon refòm ki te gen objektif pou anseye timoun an kreyòl nan sousi pou jwenn bon jan konpetans ki baze sou lasyans ak devlope kapasite pou yo pale fransè. Aprè minis la pa t nan pòs la ankò, pwojè a pa t gentan abouti.
Ansuit, lè minis Nesmy Manigat retounen nan pòs Minis edikasyon an nan lane 2021 aprè dènye manda li an 2016, li tounen avèk pwojè refòm Bernard la, men nan yon vèsyon revize anndan yon dokiman ki titre Kad Oryantasyon Kourikoulòm (Cadre d'Orientation Curriculaire). Minis Manigat lanse yon pwojè liv inik ki gen kòm objektif fè Liv an Kreyòl pou anseye elèv Ayisyen an Ayiti, depi nan klas preparatwa ak elemantè. An 2022, Minis la deklare kreyòl dwe sèvi kòm lang ansèyman nan tout nivo lekòl fondamantal ak lekòl segondè. Pwojè sila gen pou objektif fè pwomosyon lang kreyòl la, epi esansyèlman pèmèt timoun yo aprann nan kontèks lakay yo.
Entèdiksyon pou pale kreyòl
Malgre atik 5 konstitisyon Mas 1987 la, rekonèt kreyòl kòm lang ki makonnen tout Ayisyen youn ak lòt. Malgre, nan lane 2021 Minis edikasyon nan peyi a te anonse elèv yo gen dwa pou resevwa edikasyon nan lang yo, ak eksprime yo nan lang yo; plizyè lekòl kontinye ap pini elèv yo sou baz yo pale kreyòl. Anplis sa, gen lekòl ki bay fè liv, gen lòt ki mande elèv yo peye yon sòm kòb, konsa tou gen lòt ki bay elèv yo etidye pyès klasik oswa pwezi an fransè. Daprè pwofesè Degraff, kèlkeswa pinisyon an, li pote atent a diyite elèv la antanke moun.
Konsekans vyolasyon dwa lenguistik nan lekòl
Selon lenguis Iv Dejan, entèdi yon moun pale kreyòl an Ayiti kapab genyen plizyè Konsekans. Daprè li, lè lekòl yo privileje fransè sou kreyòl la, sistèm edikatif la ap travay pou ranfòse inegalite lenguistik ki ap mennen nan inegalite sosyal. Ansuit sa ap kondui dwat nan yon sik majinalizasyon ak diskriminasyon. Anplis sa gen enpak negatif sou kalite edikasyon elèv yo ap resevwa a, yon edikasyon ki pa chita sou bon konpreyansyon ni ki pa favorize ekselans.
Lè yon moun ap sibi opresyon pou li aprann nan yon lang ki pa pou li, sa ka lakoz li gen difikilte pou li aprann ak regrese nan pèfòmans li paske li p ap rive konprann konsèp yo ap anseye li yo. Anplis, sa ka lakoz moun sa rayi pwòp lang li, ak lakoz li pèdi idantite kiltirèl li, epi menm rann li pèdi estim pou tèt li.
Iv Dejan, kontinye pou li di anseye Ayisyen nan yon lang li pa metrize, se tankou sistèm edikatif la depòte yo nan pwòp peyi yo. Se fè Ayisyen santi yo etranje sou pwòp teritwa pa yo. Lè yon moun resevwa edikasyon nan yon lang li pa metrize, li pa rive genyen yon konesans kòdjòm ki pou ba li bon jan konprann sou sijè a.
Daprè sikològ Endyen Shivani Nag, Lè yon moun resevwa edikasyon sèlman nan yon lang dominan an, moun sa a aprann konprann monn nan sèlman atravè eksperyans pati dominan an, nan linèt pati dominan an. Se yon moun ki pa gen chans konprann monn nan nan lojik pa li. Li ap pèdi kapasite pou li panse pou kont li, pou tèt pa li, e menm rive gen pwòp opinyon pa li.
Sove lang matènèl nou
Lang matènèl yon moun plis pase yon zouti kominikasyon, se yon zouti pou veyikile istwa, tradisyon ak valè yon pèp. Lè lang sa sibi diskriminasyon se yon gwo menas ki pandye sou transmisyon tout eleman esansyèl idantite kiltirèl yon pèp bay jenerasyon aprè yo.
Tankou Iv Dejan di sa a, anpeche yon moun pale lang matènèl li, se kreye yon baryè lenguistik ak yon baryè sosyal pou anpeche moun sa konekte ak pwòp tèt li, antouraj li epi rasin li. Pwoteje lang matènèl yo se pwoteje divèsite monn nan ak libète ekspresyon pou tout moun.
Shesly PYTHON
Referans:
DEGRAFF, M. (2020). The politics of education in post-colonies: Kreyòl in Haiti as a case study of language as technology for power and liberation. Journal of Postcolonial Linguistics, 3(1), 89–125.
DEJAN, I. (2013). Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Éditions de l'Université d'État d'Haïti.
NAG, S. (2022). Linguistic Human Rights and Higher Education. The Handbook of Linguistic Human Rights, Chap. 30