Banj Media, est un média inclusif et alternatif qui s’adresse aux générations connectées. À travers nos missions, nous nous engageons à fournir à notre public des informations, des analyses, des opinions et des contenus captivants qui reflètent la diversité et les intérêts de la jeunesse haïtienne.
Timoun pa gen rezon devan gramoun: yon kwayans ki chaje konsekans
Respè anvè timoun yo, espsyalman bò kote paran yo se yon sijè ki enpòtan anpil. Souvan, timoun yo konfwonte seri atitid ki vyole dwa fondamantal yo. Tout timoun dwe respekte granmoun, espesyalman paran yo. Sa se nòm sosyete a enpoze. Nòm sila pouse, anpil fwa, granmoun yo pini timoun yo byen rapid pou yon bagay san chache konprann sitiyasyon an nan pwofondè.
« Timoun pa gen rezon devan granmoun » , se yon ekspresyon ki montre klèman obstak ki genyen nan respè dwa timoun yo lakay yo, nan lekòl yo, ak anndan sosyete a. Atik 2 nan Konvansyon Entènasyonal Dwa Timoun (Convention Internationale de Droits de l’Enfant) souliye responsablite Leta genyen pou pwoteje timoun yo kont kèlkeswa fòm diskriminasyon. Pi lwen nan atik 13 la, konvansyon an di timoun yo gen dwa pou eksprime yo san diskriminasyon sou laj yo.
Malrezman tou, bò kote « timoun pa gen rezon devan granmoun nan », genyen yon lòt ekspresyon « Timoun se ti bèt » se yon ekspresyon ki popilè depi kèk mwa sou rezo sosyal yo ki atake diyite timoun yo. Di timoun se tibèt, se di yo pa merite menm tretman ak moun. E mòd ekspresyon sa yo alimante yon anviwònman kote timoun yo santi yo devalorize.
Anplis sa, modèl panse sa yo lakoz timoun yo viv move eksperyans ki restrenn sou dwa lapawòl pou defann tèt yo, epi sibi tout kalte move tretman ki atake diyite yo dwat, sa se ka Jonas ak Mak.
« Yon tonton m ki t ap viv lakay mwen te akize m vòlè yon lajan pou papa m, alòske se li ki te pran li. Papa m pa te menm ban m chans pale pou tèt mwen, li te deside bat mwen ak kòlè. Kèlke jou aprè, li vin aprann ke se pa t mwen ki te pran kòb la vre. Men malgre sa a, li pa te janm prezante m ekskiz li menm yon fwa. Sa fè m mal anpil. E se yon move eksperyans m p ap janm bliye », temwanyaj Jonas.
Mak li menm rakonte lè li ap jwe ak jwèt li yo, sa plede rive pou jwèt yo kase, men manman li pa te janm rive konprann li. « Lè m kase jwèt yo, manman m te fache sou mwen epi li te di m se yon ti bèt m ye, li p ap ban m jwèt ankò. Li p ap achte pou mwen ankò paske timoun tankou m yo se ak ti wòch pou m jwe. »
Daprè Frantzo Bonhomme, yon pwofesyonèl nan sikoloji li enpòtan pou granmoun yo respekte timoun. Li fè konnen li panse li trè enpòtan pou granmoun respekte timoun yo. Paske daprè li, timoun nan se moun menm jan ak tout moun, li gen yon sansibilite menm jan ak granmoun yo. Fè chwa respekte timoun se fè chwa kontribye nan devlopman byennèt emosyonèl ak sansiblite yo tou.
Rezon ki eksplike sa, nan kòmansman devlopman fizik, koyitif ak afektif timoun nan, li bezwen moun ki nan antouraj (anviwònman) li ede l, defann li, pwoteje l, ba li lanmou e respekte dwa li. San asistans sa yo, timoun nan ka sibi gwo zak vyolans ki ka afekte kò li ak moral li.
Ki konsekans mank respè ka genyen sou lavi yon timoun?
Pwofesyonèl la ajoute: Mank respè anvè yon timoun kapab gen anpil konsekans dramatik sou lavi timoun nan. Pami premye gwo konsekans mank respè a ka gen sou lavi timoun nan, genyen:
1. Fèb estim pou tèt li, yon timoun yo te toujou ap rabese, devalorize, manke respè, estigmatize, menm nan lè li vin granmoun ap gen difikilte pou gen konfyans nan tèt li.
2. Timoun sa ka gen gwo pwoblèm pou li gen lyen sosyal solid ak lòt moun, li ka gen yon pwoblèm *ki ap anpeche li pataje, kowopere, ak ede lòt moun.
3. Sou plan emosyonel, timoun yo gen santiman rejeksyon ak abandon, li ka kwè li san valè. Li kapab devlope yon santiman ensekirite ak vilnerabilite e gen anpil difikilte pou fè moun konfyans.
4. Sou plan konpòtman, timoun nan kapab vin agresif, vyolan, devlope pwoblèm aprantisaj ak konsantrasyon nan lekòl.
5. Sou plan sosyal, li ka gen pwoblèm relasyonèl, difikilte pou li kreye lyen ak lòt moun, e li plis siseptib pou li sibi abi ak zak entimidasyon nan men lòt moun.
Pi lwen, sikològ la souliye li nesesè pou granmoun yo respekte timoun yo. Selon li, se paske yon timoun souvan fè aprantisaj li nan imite. Donk, si yo pa t janm respekte li epi yo pa t aprann li respekte lòt moun tou, pi devan sa ka debouche sou twoub konduit, e sa ap rann li p ap ka respekte lòt moun nonplis.
Boutofen, respekte timoun yo enpòtan pou favorize devlopman yo nan yon anviwònman ki sen. Rekonèt yo genyen diyite ap kontribye nan ranfòsman estim yo gen pou tèt yo. Yon anviwònman respektye ranfòse kapasite aprantisaj yo pou kreye yon bon sosyete.
Shesly PYTHON